Primati - Senpozyòm sou jounalis imanitè

Поділитися
Вставка
  • Опубліковано 12 вер 2024
  • Sou inisyativ minis delege bò kote Premye minis la pou solidarite ak Afè imanitè yo, plizyè jounalis patisipe nan yon senpozyòm sou zafè èd imanitè, jedi 23 out 2024 la .
    Pandan jounen fòmasyon sa, entèvenan yo eksplike jounalis yo koman yo dwe konpòte lè y ap kouvre evènman ki rapò ak imanitè, kòman yo pran imaj yon moun ki an detrès oswa nan sitiyasyon bezwen, ki fòm tretman yo dwe bay imaj oswa dosye sa yo san yo pa denigre diyite moun nan.
    Senpozyòm sa te okazyon tou pou jounalis yo konnen pi byen kòman yo dwe konpòte yo lè y ap kouvri yon seri dosye sensible tankou entèvansyon lapolis, moun ki viktim katastwòf natirèl, zak seksyèl ak kidnapin.
    Doktè Odonel Pierre-Louis se yonn nan entèvenan yo

КОМЕНТАРІ • 1