Janm te anonsel la « REBRANDING » nan fet nan emisyon «YON TI GOUTE POUN PALE BIZNIS »

Поділитися
Вставка
  • Опубліковано 7 вер 2024
  • Janm te anonsel la « REBRANDING » nan fet nan emisyon «YON TI GOUTE POUN PALE BIZNIS » nou sou yon lòt idantite ki se «PAROLE BUSINESS »
    Le secret du changement consiste à concentrer son énergie pour créer du nouveau, et non pas pour se battre contre l’ancien.
    Se yon fason poum di ke chanjman se yon eleman endispansab nan tout sa n’ap fè nan lavi.
    Nan sans sa, zanmi entènot, fan yon TI GOUTE POU N PALE BIZNIS, mwen vle anonse yon chanjman ki se yon bonjan nouvèl pou nou.
    An Janvye 2021, nou te rive materyalize yon gwo pwojè mediatik ki te pote non « PA PĖ PALE DE PASE W » kote nou ta pral gen chans tande anpil jèn entreprenè ki te pale sou kòman yo te kòmanse ak kijan sa te ye pou yo.
    Sepandan, nan mwa Mas 2022, non pwojè sa a ta pral chanje e nou pral adopte yon nouvo non ki se te « YON TI GOUTE POUN PALE BUSINESS »
    Konsa nou te envite anpil antreprenè, chèf antrepriz, Leader kominote, jèn enfliyansè jè k’ap fè biznis pou vin pataje esperyans yo nan plizyè emisyon nou prezante ak zanmi nou yo. Se te pote anpil enspirasyon.
    Pou lane 2024 la nou pote yon bi bèl non pou w ou ki se « REBRANDING »
    « Rebranding » se yon tèm anglè ki vle di chanjman nan idantite yon mak oswa chanjman yon mak. Nan ka pa nou, sa vle di chanje nan kominikasyon ak kreyasyon yon lòt idantite. Nou kapab di n’ap pouswiv wout siksè ak yon lòt idantite.
    Kidonk, nou te vle anonsew chanjman sa jodia ak logo pwojè medyatik sa.
    Nan logo a, jan nou kapab wè ansanm, men kisa ki ladan-l:
    Elaman 1 : Se yon pèsonaj ki pote motivasyon ak konsèy sou biznis.
    Eleman 2 : Mikwo k’ap briye a reprezante enfòmasyon klè, presi ak kredib.
    Eleman 3: 4 Ba yo reprezante valè ke nou pote yo ak chanjman asandan nan pwojè mediatik sa.
    Eleman 4: Glòb tèrès la reprezante disponibilite enfòmasyon sou rezo sosyo yo ak nan tout mond la.
    Eleman5 : Koulè ble a reprezante konfyans.
    Nap kontinye ak menm seri emisyon nou yo pandan n’ap ajoute nouvote, men sou yon lòt non jan mwen te anonse sa.
    Mèsi ak tout zanmi entènot nou yo. ansanm nap selebre chanjman sa.
    #motivation #dance #rebroadcast #rebranding #richestlifestyle
    #revenupassif

КОМЕНТАРІ • 5