Primati - Ansanm desizyon sou bidjè rektifye a pou soulaje fanmi ki pi vilnerab yo

Поділитися
Вставка
  • Опубліковано 12 вер 2024
  • Gouvènman an fè konnen li redistribiye resous ki disponib yo nan bidjè rektifye a pou kapab soutni fanmi ki pi vilnerab yo nan kad pwochen rantre lekòl la.
    Gen yon valè 12 milya 133 milyon 101 mil 935 goud ki disponib pou kapab fè kèk entèvansyon nan sektè sosyal la, selon otorite yo.
    Daprè yo, gen 8 milya 106 milyon 525 mil 605 goud y ap transfere bay fanmi ki nan plis bezwen yo, gen 1 milya goud y ap bay 350 restoran kominotè epi kap sèvi pou prepare 37 mil kit alimantè nan lide pou kalme kriz imanitè a, gen 2 milya 225 milyon 776 mil 230 goud k ap sèvi pou ranfòse sistèm pwoteksyon sosyal la epi gouvènman an ap bay moun k ap ankadre deplase yo yon valè 730 milyon 800 mil goud.
    Pi lwen, kòm detay, gouvènman pwomèt nan kad pwogram sa a, l ap bay 26 mil 960 fanmi ki pi vilnerab yo yon bourad kote yo chak ap resevwa 20 mil goud, 41 mil 400 ouvriye ap resevwa yon asistans tou kote yo chak ap resevwa 15 mil goud epi gen 80 mil panye alimantè ap prepare tou toujou nan kad pwogram sa a.
    Yon lòt kote, gen 261 mil paran elèv k ap resevwa yo chak 15 mil goud alòske 2 milyon elèv ap jwenn kit skolè epi gouvènman an presize gen 2 milyon 100 mil pla cho k ap disponib nan restoran kominotè yo.

КОМЕНТАРІ •