MHAVE - Nòt reyaksyon sou dènye akizasyon ki touche kominote ayisyèn nan Springfield nan eta Ohio

Поділитися
Вставка
  • Опубліковано 17 вер 2024
  • Ministè ayisyen k ap viv lòt bò dlo (MHAVE) kondane dènye deklarasyon kèk dirijan politik ameriken fè kont manm dyaspora ayisyèn nan, patikilyèman sa k ap evolye nan vil Springfield, nan eta Ohio, peyi Etazini.
    Selon politisyen sa yo, ayisyen yo nan Springfield ta konn manje vyann yon seri bèt k ap viv nan kay tankou chat.
    Responsab yo nan MHAVE deklare yo gen tèt chaje fas ak deklarasyon sa yo ki diskriminatwa epi rasis epi ki chita sou baz kanpay elektoral la Etazini.
    Minis afè etranjè a, Dominique Dupuy, ki se tou minis ayisyen k ap viv lòt bò dlo yo, te pale nan vizyokonferans, 10 septanm 2024 la, ak plis 50 lidè kominotè, relijye epi responsab òganizasyon k ap travay ak migran yo plizyè kote Etazini.

КОМЕНТАРІ •