Jounal Kreyòl Premye Okazyon Madi 25 Jen 2024

Поділитися
Вставка
  • Опубліковано 28 вер 2024
  • 1.- Prezidan kenyan an, William Ruto, te vizite aye lendi a premye kontenjan 400 polisye ki deja pran avyon pou vini Ayiti nan kad yon misyon entènasyonal pou ede PNH la retabli lapè ak sekirite nan peyi a.
    Prezidan Ruto, ki te aksepte peyi li pou dirije misyon sa a, te ale nan kanton fòs lapolis elit yo lendi pou yon seremoni ofisyel pou di yo orevwa ak 400 ofisye kap gen pou rive nan peyi a ,nan jou kap vini yo. Prezidan kenya William Ruto deklare kenya pral travay ak kominote entenasyonal la pou pote yon estabilite dirab an ayiti.
    Prezans polisye nou yo an ayiti pral pote soulajman lakay fanm ,gason ak timoun lavi yo te brize
    2.-Kontenjan Kenya konpoze ak ofisye polis elit, sitou nan eskadwon anti-teworis , manm Inite Deplwaman Rapid , inite vòl Anti-stock ak Inite Patwouy Fwontyè kite angaje an patikilye nan batay kont Shebab la nan rejyon fwontyè ak Somali.
    Misyon sipò sekirite miltinasyonal la pral sipòte polis nasyonal la nan kad operasyon pou demantle rezo gang yo, asire sekirite nan enfrastrikti yo tankou (ayewopò, pò, lekòl, lopital, elatriye) epi pèmèt sivil yo gen aksè ak èd imanitè"yo, dapre sa ki te ekri nan rezolisyon Konsèy Sekirite Nasyonzini an te vote nan dat 2 oktòb 2024 pase a .
    3.- Chef gang 400 mawozo a,Germine Joly alyas Yonyon, kondane pou pase 35 lane nan prizon federal ozetazini pou wol li nan yon konplo trafik zam ak blanchiman lajan ranson otaj sitwayen ameriken yo te kidnape ,yon fason pou alimante krim yo.
    Se pi gwo pen tribunal la bay ak youn nan 4 akize nan kad dosye sa,dapre Miami Herald . Yon gran jiri te enkilpe yo pou vyolasyon lwa ameriken yo sou ekspotasyon ak blanchiman lajan ,ak dives lot krim ,dapre jounal ameriken an.
    4.-Konsey prezidansyel tranzisyon an anonse li voye pou yon lot dat aplikasyon nouvo kod penal la ak pwosedi penal .
    Kod penal sa kite rann ofisyel 11 mas 2020 te dwe ranplase kod penal ki an aplikasyon depi 200 lane .Ranvwa sa pral pemet yon revizyon sou dives atik kite poze pwoblem nan kod pwochen kod penal la .
    5.-Pati politik Lòd Demokratik eksprime satisfaksyon li apre desizyon otorite yo pran pou ranvwaye aplikasyon Kòd Penal ak Kòd Pwosedi Penal la ki te pibliye 24 jen 2020 nan jounal ofisyèl peyi a Le Moniteur.
    Rèsponsab estrikti politik sa a, Jean Renel Sénatus, ki byen wè desizyon sa a, pwofite pou salye tout sektè nan sosyete a ki te mobilize pou mande ranvwa sa a, pandan li kwè yon revizyon nesesè anvan aplikasyon li.
    Nan sans sa a, ansyen senatè Repiblik la mande pou mete kanpe rapid vit yon komisyon pou revize Kòd Penal ak Kòd Pwosedi Kriminèl la.
    Prezantasyon : Dieuseul GUERRIER & Johnny FERDINAND
    Meteyo : Chrisnette SAINT-GEORGES
    Tansyon Lari : Mackenson RÉMY 4x4
    Pwodiksyon : Jean-Claude DOLCÉ
    kowòdinasyon : Peterson LUXAMA
    Redaksyon : Dieuseul GUERRIER
    Reyalizasyon ak Sou Entènèt : Jack thedd Jr Dieudonne & Jimmy Cly Théagène

КОМЕНТАРІ • 11

  • @aimeHaiti
    @aimeHaiti 3 місяці тому +1

    Pep pap ak CP se on bann visye
    Se pou yo weè sa ki ap pase

  • @frerecharlesvilmon6574
    @frerecharlesvilmon6574 3 місяці тому

    Epi fok leta ayiti sispann afè anrejistreman sou papye ya,pratik sa pa egziste anko,se yon wont pou n an 2024 ou gen yon paspò,yon acte de naissance, yon kat idantite nan men w k leta ba ou epi w tande li pa anrejistre.
    Epi afè ekatrè dè achiv e akt de nesans lan fok yo elimine youn ladanl,bgy sa yo sitwanou yo pase twop mizè le pou yo f yn tramite

  • @frerecharlesvilmon6574
    @frerecharlesvilmon6574 3 місяці тому

    Antouka da m sa "wifdline françois " ki te anbasadè ayiti chili ya se pa anyen serye li te regle. Li pat gen ni konpetans,ni kalite ni volonte.
    Se koripsyon sou koripsyon, se abi sou abi se vòl se raket.
    Mw gen yon fr ki kouche yon paspò a tt sètifika DCPJ ya sa fe 3 ans la jiskaprezan li p konn ki kote kob li ya pase.

  • @emmanuellycee6786
    @emmanuellycee6786 3 місяці тому

    Silvouplè mande ak tout mairie yo spesyalman mairie Delmas pou yo ankle tout penalite sou impot lokatif pou pèmèt oubyen ede tout kontribiab yo kapab Vin peye aprè kalamite saa yo. Fè mesaj la pase tantric caraib mèsi anpil.

  • @brayimPerez
    @brayimPerez 3 місяці тому +1

    Ok kenya

  • @martinjeanbaptiste8758
    @martinjeanbaptiste8758 3 місяці тому

    Minm neg yo ale ale sekom si pagen lot Moune lot j'en kinan peyi a. Gerald jille tout non Moune sa yo se minm vole lontan yo pep la p Domi vre

  • @aimeHaiti
    @aimeHaiti 3 місяці тому

    Claude te pran poz ak ti bèk li
    Li pat nan gouvènman pourtant li gen on bann sanguinè yo ta apuye

  • @martinjeanbaptiste8758
    @martinjeanbaptiste8758 3 місяці тому

    Gagote neg vin fe anko anyen sérieux pap règle Domi ko yo fe le a anyen anko

  • @aimeHaiti
    @aimeHaiti 3 місяці тому

    Se ou CP an fèmen yo visye twop

  • @MarieRoselineLaroche
    @MarieRoselineLaroche 3 місяці тому

    Merci, a plus tard.

  • @JEANMARCDUVERSAINT
    @JEANMARCDUVERSAINT 3 місяці тому

    DEJA POU REPÚBLICA DOMINICANA SEPA ANYEN YO REGRE BRAVO MADAM EPOU CHANJE TOUT 👏👏👏👏👏👏