Mayificat - Nanm mwen chante louanj Bondye pou tout sa-l fe pou pov yo (Chant Catholique)

Поділитися
Вставка
  • Опубліковано 18 жов 2024
  • CHAN KATOLIK - CHANT CATHOLIQUE
    LYRICS | Nanm mwen chante louanj Bondye
    1. Nanm mwen chante lwanj Bondye,
    Pou tout sa'l fè pou pòv yo.
    Li konble yo ak tou sa ki bon,
    Moun rich yo menm li lage yo men vid.
    R: Mayifikat, mayifikat, mèsi Bondye.
    Mayifikat, mayifikat, mèsi Bondye.
    2. Li ranvèse puisan yo,
    Li leve sa ki fèb yo.
    Li mete tout mond lan tèt anba,
    Gwo vin piti, piti tounen gwo.
    3. Nanm mwen chante lwanj Bondye,
    Kè'm danse ak kontantman.
    Li beni moun kifè volonte'l.
    Li modi sa ki konprann yo puisan.
    4. Bondye fè mèvèy pou mwen.
    Fò'm beni non li ki Sen.
    Li te pwomèt lap toujou avè'm,
    Depi toutan e pou toutan. Amen.

КОМЕНТАРІ • 27