Kòman yo fè Dous Makòs Tigwav (nouvelle version)

Поділитися
Вставка
  • Опубліковано 21 жов 2024
  • #DousMakòs se yon bon desè tout moun nan peyi a renmen. Se nan Vil #Tigwav li sòti. Se yon gwo fyète moun nan zòn, se yon eritaj ki la depi 1932. Pa pase nan zòn nan, san w pa pase achte dous makòs pa w la.
    Espesyalite manje ki se kat vizit Tigwav se Dous makòs. Nou pra l aprann tout bagay ki dèyè dous makòs la nan vizit nou pra l fè nan pi gwo atelye dous makòs ki genyen nan Tigwav aktyèlman, ki se Atelye Kay bòs Lavaud.
    Tigwav, #PetitGoave an fransè, te nan Kasika Zaragwa,avan Christophe Colomb ak tout akolit li yo ki te sòti an Espay te anvayi Lil Ayiti an 1492p. Se rèn Anacaona ki t ap dirije pati sa. Pati sa nan Kasika zaragwa, te rele Goyava nan tan Tayno yo t ap viv la. Gwav la se yon defòmasyon Gwayava.
    Vil Tigwav fonde an 1663 sou tan lakoloni. Se youn nan pi ansyen Vil peyi Dayiti. Li layite sou yon sipèfisi 390,69 kilomèt kare. Li gen 12 seksyon kominal.
    Tigwav gen yon popilasyon ki preske rive 160,000 abitan.
    Gen anviwon 70 kilomèt ki separe Tigwav de kapital la, Pòtoprens.
    Tigwav se yon Vil pezib, pwòp ki tabli bò lanmè. Lanmè Se youn nan pi gwo plezi Tigwav ofri. Li gen 2 bèl plaj ki selèb Epi moun renmen anpil, se Kokoye ak Bananye.
    Ti gwav posede plizyè vestij fòtifikasyon ki te la depi tan lakoloni. Gen fò libète ki konstwi depi 1630 ak Fò wayal flibistye fransè yo te konstwi Depi 1612.

КОМЕНТАРІ • 24

  • @martinedlaurent8069
    @martinedlaurent8069 4 роки тому +1

    Weyyyyyyy chef Gaspard ou ale direkteman anwo lakay mwen Value, mwen we ou tap interview Abner Septembre......😊😊😊😊 proud of you chef Gaspard....... and I am soooooooo happy. One of the best video ever....
    Thank you soooooooo much

  • @meaniebolts1335
    @meaniebolts1335 4 роки тому +1

    Merci chef Gaspard de montre nou beaute peyi nou .Maleresement bandi bare nou

  • @luniggesaugustin7989
    @luniggesaugustin7989 5 років тому +4

    Belle documentaire😘😘😘😘😘

  • @martinedlaurent8069
    @martinedlaurent8069 4 роки тому +1

    Tigwav, lakay mwen...
    Mesi chef pam, chef Gaspard 🙏🙏🙏❤❤❤❤❤

  • @WAPJWENNBAGAYTV
    @WAPJWENNBAGAYTV 5 років тому +3

    Very interesting

  • @laflor3798
    @laflor3798 5 років тому +1

    Papi m' se moun petit Goave ❤❤❤ bel kote. ❤ dous makos, thanks Gaspard🤗😘

  • @meaniebolts1335
    @meaniebolts1335 4 роки тому +1

    Merci dwayen ou transmet generation

  • @christellecolin688
    @christellecolin688 5 років тому +1

    J'aimerais bien visiter cette ville
    Merci pour le documentaire, très bon travail

  • @francesleger9424
    @francesleger9424 4 роки тому +1

    Mwen te konn ale la Bananier, Fort Royal 😍

  • @jacmelmyhometown
    @jacmelmyhometown 4 роки тому +1

    Thank you, I really appreciate your video, it’s some kind of promotion for these local products!

  • @inisecelestin5002
    @inisecelestin5002 5 років тому +2

    Très contente et félicitations pour vos recherches. Keep it up.

  • @ketshelleclement6602
    @ketshelleclement6602 5 років тому +2

    J'aime

  • @meaniebolts1335
    @meaniebolts1335 4 роки тому +1

    Gade youn bel peyi kap gaspiye.Si mechan yo tebay peyia youn chans dyaspora selman tap resisite tourist et menin dola nanpeyia.This is a shame how those evil kill this country

  • @titektekofficiel4858
    @titektekofficiel4858 5 місяців тому

    Personnage lan plus paré pou interview a

  • @srmarieangedorlus2559
    @srmarieangedorlus2559 4 роки тому +1

    Fok mw al ti goâve trop 😘😘😘😘

  • @jacmelmyhometown
    @jacmelmyhometown 4 роки тому +2

    Sepa tout Ayisyen ki transmet savwa yo, sesakfè lè moun nn pa la ankò, ou pa jwenn pwodwi a ankò!!!

  • @titektekofficiel4858
    @titektekofficiel4858 5 місяців тому

    Inviter à montrel pat anvi reponn kesyon yo

  • @inisecelestin5002
    @inisecelestin5002 5 років тому +2

    Première

  • @jacmelmyhometown
    @jacmelmyhometown 4 роки тому +1

    Hello, chef Gaspard!!!

    •  4 роки тому

      Hello Wisbea!

  •  4 роки тому

    Men resèt MAGI AN POUD ou ka fè lakay ou a, san pwodui chimik. Nou tout t ap mande l.
    Ki lè k ap pi bon pou m ta lage l jodi dimanch 25 oktòb la, 5h30 PM osnon 6h30 PM? ua-cam.com/video/7jJaOFogJOw/v-deo.html

  • @meaniebolts1335
    @meaniebolts1335 4 роки тому +1

    Sepaske laplipa haitien trop egoist kifait nou pedi anpil bon recete anpil bon bagay nan peyia.Yotoujou guin youn secret, yopajanm fome lotmoune pou renplacew.

  • @marieleveille7823
    @marieleveille7823 5 місяців тому

    Yo pas vler montrer ou qui gens pour ou fait li