Jounen entènasyonal edikasyon, diskou Sherley JÉRÔME, Loreya nasyonal bakaloreya inik 2023

Поділитися
Вставка
  • Опубліковано 25 січ 2024
  • Dlo koule nan je anpil patisipan pandan diskou Sherley JÉRÔME, Loreya nasyonal bakaloreya inik 2023, seri Syans Matematik Fizik ak mwayèn 9.06, nan okazyon seremoni pou onore loreya egzamen ofisyel 2023. Mwen ankouraje tout elèv segondè koute diskou sa ki pral enspire moun k ap prepare egzamen ofisyèl ane sa. Sherley se egzanp elèv ki etidye nan kourikoulòm #nouvosegondè kote nouvo kou tankou "Edikasyon sou Sitwayènte" ak "Kreyòl" obligatwa. Se nouvo jenerasyon elèv-sitwayen ki pa dwe aprann resite pa kè san konprann, men ki dwe gen konpetans pou reflechi sou lavi yo, defi #Ayiti ak defi planèt la e pwopoze solisyon pa yo. #EducationDay2024 #JounenMondyalEdikasyon

КОМЕНТАРІ •