Це відео не доступне.
Перепрошуємо.

Hotmen Rap - Ki Nouvel [Kanaval 2021]

Поділитися
Вставка
  • Опубліковано 3 лют 2021
  • KI NOUVÈL
    Verse 1
    M pa bzwen radyo ni tele poum okouran
    sa kap di an m gentan konnen l
    sa kap fèt lan m gentan konnen l ee
    Nan ti peyi sa istwa repete byen souvan
    C menm sa’k ale yo’k tounen
    Zafè on moun sil pa ta sou men
    KODA 1
    ki ayisyen ki pa konnen’l gon epe damoklès sou tèt li
    On sèkèy anba ponyèt li
    Dim ki ayisyen mizè pa met on bgy tèt anba nan tèt li
    Ki fèl anvi tounen bèt
    Pouvwa an plas ap souse
    Opozisyon vle goute
    Yo chak on bò yap choute
    Pandan pèp la pa menm sou teren (2x)
    Oooo
    Oooo
    KiYès kap retire n anba mechan yo(2x)
    Verse3
    Premye minis lan vle danse tony
    Tropi kana
    NèG yo pran nou pou kana
    Se ti konpa manba yo bezwen
    Se fèt chanpèt yo bzwen
    Pouvwa ap taye banda
    KODA 2
    Pandan nan lari a c bal kap tire
    Kawotyou kap boule
    Inosan kap tonbe
    Pandan an geto c trip kap kòde
    Ti machann kap rele
    KODA 2(bis)
    Premye minis vle danse tony
    Tropi kana
    NèG yo pran nou pou kana
    C ti compas manba yo bezwen
    C fèt chanpèt yo bzwen
    Pouvwa taye banda
    Pandan nan lari a c bal kap tire
    Kawotyou kap boule
    Inosan kap tonbe
    Poutan nan geto c trip kap kòde
    Ti Machann kap rele
    Machandiz kap boule
    Oooo
    Oooo
    KiYès kap vin retire nou anba mechan yo(2x)
    NOU fè tròp tan ap pote kou pou yo
    kounya c kou pa nou pou nou mete pye sou kou yo
    Kote nou
    Ann met rara nan lari
    Ann met Rejiman nan lari
    Si lapolis mande sa’n pral fè granri di yo:
    dèyè travay nou prale
    Dèyè edikasyon nou prale
    Dèyè jistis nou prale
    Nan dans petro nou prale
    Dèyè sekirite nou prale
    Di yo pa pa pa pa pa kanpe devan nou
    Di yo pa pa pa pa pa pase devan nou
    Non nou pa pa pa pa pa vin pou lapè
    KODA 3 (bis)
    Premye minis vle danse tony
    Tropi kana
    NèG yo pran nou pou kana
    C ti compas manba yo bezwen
    C fèt chanpèt yo bzwen
    Pouvwa taye banda
    Pandan nan lari a c bal kap tire
    Kawotyou kap boule
    Inosan kap tonbe
    Poutan nan geto c trip kap kòde
    Ti Machann kap rele
    Machandiz kap boule
    Kotew pase w wè papiyon vole pi wo ke èg
    Pla pla pla pla pla
    Vin aklame chanpyon
    Met 2 men’n anlè poun akeyi chanpyon (2x)
    Babi zuzu ladanl
    Tout blòdè ladanl
    elèv lekòl ladanl
    Pwofesè ladanl
    Pouki w ret nan kabann
    Vini’m baw 2 gagann
    Son ti lese frape pa gen danje ladanl
    Hotmen benim
    Gerim
    Trete tout maladim
    Li vide gras su mw
    Anfas mechan yo l pran pou mw
    Pou sa map louwe(6x)
    Men lap pase wa lonje menw touche
    Mirak kap opere wa lonje menw touche
    Sa ki avèg yo va wè
    Sa ki soud yo va tande
    Men Sak fache ap mouri mò toufe
    Louwe(6x)
    Louwe(6x)
    SOLO
    Rele
    M anraje
    Rele
    Gadon boukan’k limen nan bann nan
    Rele
    M debòde
    Rele
    Gadon dife’k leve nan bann nan
    Avanse avanse
    Ann progrese ann progrese
    Avanse avanse

КОМЕНТАРІ • 248

  • @merijhonhotmen7520
    @merijhonhotmen7520 3 роки тому +13

    Anpil love pou nou chak ki pran tan nou tande kanaval la ak pasyon e ki fè yon komante sa fè nou plezi so kontinye pataje link lan 🔥🔥

  • @beleiveingod5569
    @beleiveingod5569 3 роки тому +3

    Depi USA (misouri)Jakmel représent 💃🏽💃🏽💃🏽💃🏽

  • @risssca_99
    @risssca_99 3 роки тому +12

    Risssca depi Delmas 31..Hotmen rap s' on group m apresye anpil.. Kontinye batay la m espere n toujou la nan 5 an minimum ankò

  • @jeanyves7390
    @jeanyves7390 3 роки тому +2

    🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥
    Neg saaaa yo e dyèt yo ye
    🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥

  • @zidanehaiti5099
    @zidanehaiti5099 3 роки тому +5

    Pi belle kanaval pou mwen ane saaa..Yoww FreudSèvoMonte

  • @dieuveuilbazile5350
    @dieuveuilbazile5350 Рік тому

    Mesye kanaval la dous wi,boul respè

  • @Salami-g8v
    @Salami-g8v Місяць тому

    Wè laaaa pa kanpe devanl nn li an denmon.

  • @Tchooko-er8cp
    @Tchooko-er8cp 3 роки тому +3

    Sapa kanaval,sa son mizik kika jwe menm lè nwèl rive.good job gwoup kifè hymme sa bon bagay👏🏿👏🏿

  • @shoetzerantoine7213
    @shoetzerantoine7213 3 роки тому +1

    Nou red amò

  • @dianaestherlauraus8730
    @dianaestherlauraus8730 3 роки тому +4

    Mwen tlmn love group sa waww

  • @pierremichelson9774
    @pierremichelson9774 3 роки тому +3

    Pa gen Pou vann boutik la kraze evre komandan vwazin an mele mesye anpil love epi mete respè devan non FRED 🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥

  • @snoop-boysmusic
    @snoop-boysmusic 2 роки тому

    Met beton an pa lot se Hotmen rap liye tonton chanpyon ret chanpyon

  • @wendyjean-francois6727
    @wendyjean-francois6727 3 роки тому +2

    @HMR kibò nou jwenn pwen sa oh🔥🔥🏆🏆🏆🏆🏆🏆

  • @zoekingvibelerasmusic164
    @zoekingvibelerasmusic164 3 роки тому +3

    Se kòmsi wè Hotmen ranplase Rock fam nan kanaval ui la siw wè sa banm yon like siw pa rasis epi kitel mache Tonnèrrrrrrr

  • @vibesfamily5424
    @vibesfamily5424 3 роки тому +3

    Sèvo monte Champion ... 🙏

  • @jennytheodore9531
    @jennytheodore9531 3 роки тому +4

    Hotmen ap mache de succès en succès....bel kanaval,beau texte,anpil groov bravo!

  • @aishamirleybaptiste1425
    @aishamirleybaptiste1425 2 роки тому

    Zafe Moun ki koule pa konn naje 🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥

  • @lastinisaac3333
    @lastinisaac3333 3 роки тому +6

    Fred la twò fò pil Respect ✊ pou Fred bon travail👏👏👑💯✅

  • @micheldidine2133
    @micheldidine2133 3 роки тому +1

    Zbf pilèd di Hotmen tutn pu la vie apre bndye aaa

  • @mackensonsaintis3873
    @mackensonsaintis3873 3 роки тому +1

    Men ke pwal domi se li tande 👑👑👑👑👑

  • @lfedeleshow4086
    @lfedeleshow4086 3 роки тому +4

    Mezanmi gadon vibe yow Freud ou rèd amò

  • @AviPamProduction6
    @AviPamProduction6 3 роки тому

    Nou kap fèm antre vin Jacmel vin nan knaval

  • @FnerMusc
    @FnerMusc 3 роки тому +7

    M renmen gwoup sa anpil!! Music nou, kanaval nou yo tj lit🔥!!! Mjust poko gn chans we nou k ap jwe live🤦🏾‍♂️

  • @siliesejocelyn3660
    @siliesejocelyn3660 3 роки тому +4

    Rele police HMR re boule🔥ankò yo rele sa don💪👊met respect sou HMR

  • @nicolascolson6508
    @nicolascolson6508 3 роки тому +4

    Reddd champion pi reddd wiiiii

  • @voltairedaniel6272
    @voltairedaniel6272 2 роки тому

    Men kanaval. Bon bagay

  • @nelsonloture2760
    @nelsonloture2760 3 роки тому

    Champion san défilé 100%

  • @miguelinabenuasosa42
    @miguelinabenuasosa42 3 роки тому

    Oh sa bon wi depi bzazil neg jacmel for life

  • @jeanvalery7497
    @jeanvalery7497 3 роки тому +3

    Wouch lemond sa dous mesye

  • @goudougoudou_h7798
    @goudougoudou_h7798 3 роки тому +2

    Owww kote gwoup sa ye
    Sa just good 👏👏👏

  • @jimmytoutan4737
    @jimmytoutan4737 3 роки тому

    Kanaval fini map vibe toujou

  • @franckgerald3143
    @franckgerald3143 3 роки тому +3

    Hotmen Rap nou Hot amòòòò .

  • @styvelubin92
    @styvelubin92 3 роки тому +5

    bel knaval mesye, men mpa fin rnmn jan nou funil la ok. Nou bliye tit knaval la, nou te sipoze fini li ak yon bgy ki gen rapo ak tit la. Ok anpil love hotmenn

    • @turennef3657
      @turennef3657 3 роки тому +2

      Tout kanaval lan se nouvèl wi nèg (pran Egzanp kote yap di « nan lari a se bal kap tire »
      E yo bay nouvèl nan tout sans (yo voye di lapolis) ak anpil lòt lan menm lè yo di hotmen beni yo bla-bla-bla... se yon nouvèl yo bay moun lita ap mande Kisa jazz lan fè pou yo e yo menm fè w konnen se yo ki chanpyon( yon chanpyon rete chanpyon)
      Ann louvri lespri nou plis pou kritik nou yo ka plis ede ke dekouraje (yon moso move konn gate tout sa w di avan ki te bon wi)
      Respè pou w nèg!

    • @mackensonsaintis3873
      @mackensonsaintis3873 3 роки тому +1

      Vbbb

  • @leaderpromo2629
    @leaderpromo2629 3 роки тому +5

    Fred sa move

  • @DyCayo
    @DyCayo 3 роки тому +1

    Lot neg yo fè yon bel kanaval byen sonen bel melodi men selman yo just pa pot la ri a menm jan avek nou antouka m poko janm dansw yon kanaval men kom m konen m se neg jacmel m kontan sa paske se 2 gwoup sa yo ki kenbe kanaval la jacmel

  • @bono-jbeatzcreatif
    @bono-jbeatzcreatif 3 роки тому

    Yon hot pa yon jwèt 👊

  • @sonbi_mix9368
    @sonbi_mix9368 3 роки тому +2

    Respect hotmen rap group ki tj fe bel knaval félicitations dpui république Dominicaine

  • @kendaypititgwomadanmnan4877
    @kendaypititgwomadanmnan4877 2 роки тому

    Bèl Travay MESYE

  • @andremirline9314
    @andremirline9314 3 роки тому +1

    Mezanmi,🥰🥰🥰🥰🔥🔥🔥🔥🔥

  • @lesgerlevys2340
    @lesgerlevys2340 3 роки тому

    honda boy depi michino kay jakmel gadon vibe

  • @wen-gstyleofficial8105
    @wen-gstyleofficial8105 3 роки тому +1

    Sa move move onlove mesye🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥

  • @maitrewendy7699
    @maitrewendy7699 3 роки тому +2

    Si yon ti vwa Orphelin te la se tap sa nèt nèt antouka bon bagay ti moun jacmel yo love pou nou

  • @FnerMusc
    @FnerMusc 3 роки тому +9

    Yooooo Freud sèvo monte🔥🔥

  • @andersonmerone605
    @andersonmerone605 2 роки тому +1

    mp tandel pou juskounya 🤔🤔🤔🤔2021

  • @ashleyshelseabaptiste8518
    @ashleyshelseabaptiste8518 3 роки тому +1

    M ap mouri pou Kanaval saaaa.. Yow Freud Sèvo Monte

  • @therniasardyjeanmary1551
    @therniasardyjeanmary1551 3 роки тому +2

    Mwen resi tande kanaval la. Yow guys you did a very good job... Freud sèvo a monte twò wo wi love....bon travay mesye...On love Merijhon ak Djemell atis jakmel preferem yo

  • @makensonmidi3799
    @makensonmidi3799 3 роки тому

    Mwen se G.twaz mesye bon bagay,mwen te kontan danse nous nan kanaval jakmèl à etanke jèn atis jakmelyen kap viv kafou

  • @user-ct4ki1ux3c
    @user-ct4ki1ux3c 8 місяців тому

    Gates my best rapper🎉🎉🎉🎉🎉🎉

  • @kishamorailles4988
    @kishamorailles4988 3 роки тому +3

    Yon Hotmen pa yon jwet chak année nou fwete yo 🔥🔥🔥🔥💯Yow Freud Freud sèvo monte aprel pa gen lot 🔥🔥💯💯🥰🥰😘😘❤❤❤❤

  • @laurentvictorjirinovski3834
    @laurentvictorjirinovski3834 3 роки тому +1

    Lòbèy pirèd ....💥💥💥💥#1👏👏👏💥💥💥💥💥

  • @valdaniocharles533
    @valdaniocharles533 3 роки тому +1

    Yon chanpyon ret chanpyon 💯💯🔥🔥

  • @saintjustemariefrance98
    @saintjustemariefrance98 3 роки тому

    Hot family🔥🔥🔥💧

  • @fatchdji9838
    @fatchdji9838 3 роки тому +1

    Men vayb

  • @edrisonpierre7385
    @edrisonpierre7385 3 роки тому +5

    Mh wè Baldouze12 post li epim tou vin tandel la
    Mh rnmn sah ui bn travail 💫💯💯💯

  • @nadinapercinthe4308
    @nadinapercinthe4308 3 роки тому +2

    Hotmen toutan 🔥🔥🔥🔥🔥

  • @user-qz4wo2qs3n
    @user-qz4wo2qs3n 7 місяців тому

    Gates 🎉🎉🎉🎉🎉 my best

  • @litensontoussaint4826
    @litensontoussaint4826 3 роки тому

    Ane a Djemfresh voye moun ale tuye ak bagay frape nan figi yoen anpil vibr Anne à teks e pi bel teks kanaval yo f pou mw pandan tout les yap kanaval mesye travail nap rive nan top nivo à 🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥

  • @arlypierre9060
    @arlypierre9060 3 роки тому +3

    Kontinye travay pa okipe yo respè pou u GATES

  • @FnerMusc
    @FnerMusc 3 роки тому +1

    Men levanjil la 🔥 🔥

  • @wilkijean4024
    @wilkijean4024 3 роки тому

    bèl kanaval

  • @juniortube947
    @juniortube947 3 роки тому +1

    Félicitations selman yon ti mix li manke

  • @stefani7730
    @stefani7730 2 роки тому

    La pa gen fo fim non bout bagay

  • @zoekingvibelerasmusic164
    @zoekingvibelerasmusic164 3 роки тому

    Sa Rèd anpil bèl tèks bon bagay nèt ale bravo la jenès 🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥👏👏👏

  • @guerlinejoseph9124
    @guerlinejoseph9124 3 роки тому

    45 liye tonerrrrrrrrr

  • @STEEVY-DOR-FAR
    @STEEVY-DOR-FAR 3 роки тому +1

    WAWWW SANM TANDE AN BON ANPIIL BRO SE STEEVY D'OR FAR GRENN 5 MUSIC LAN PA LAGE MENM POU BLAG BRO💥💥💥💥💥💥💥👌

  • @simoniswesly3092
    @simoniswesly3092 3 роки тому +1

    Ti solo an raple m lè envensib t envensib wi nan jakmèl

  • @yourigami4979
    @yourigami4979 3 роки тому +1

    Hotman gwoup pam jakmel toutan

  • @daphrousefrancois5573
    @daphrousefrancois5573 3 роки тому

    Rèd rèd

  • @atyspacha6170
    @atyspacha6170 3 роки тому +1

    Rad

  • @schadracschadracdelphin744
    @schadracschadracdelphin744 3 роки тому +1

    Louwe
    Louwe
    Louwe
    ......
    Sa dous

  • @kendythomas8721
    @kendythomas8721 3 роки тому +1

    Sa rele 🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥 hotmennnnnnnnnnnnnnnnnn

  • @kalipsoboss
    @kalipsoboss 3 роки тому +3

    Mesye, nou twò fò. Anmweeeeeeeyyyyyyyyyy

  • @jamesleyjoseph3982
    @jamesleyjoseph3982 3 роки тому

    Men sak djaz

  • @carolahgillsjnpierre9785
    @carolahgillsjnpierre9785 2 роки тому

    mtelmn renmn jazz mw sa

  • @dieudonnetherlin8669
    @dieudonnetherlin8669 3 роки тому

    Hotmen chéri mw branché depi barbarde

  • @blockmoney5097
    @blockmoney5097 3 роки тому

    Mesye soti mizik tou paske nou tegen yon bel teks kanaval

  • @shoetzerantoine7213
    @shoetzerantoine7213 3 роки тому

    Bel canaval

  • @abdoollelion509
    @abdoollelion509 3 роки тому

    Esak kanaval 💎 but vibe mesye ole ole ole toroooooooo

  • @josephgerold6019
    @josephgerold6019 3 роки тому

    Bon bagay

  • @sterlinpierre-louis3136
    @sterlinpierre-louis3136 3 роки тому +1

    men peye pote a 🔥🔥🔥🔥

  • @gamaelleisidor5687
    @gamaelleisidor5687 3 роки тому +1

    Bon bagay ti mesye🔥🔥💥bel kanaval

  • @laguerrecatianadoodny5604
    @laguerrecatianadoodny5604 3 роки тому

    Hotmen chéri

  • @geneusjoseph3646
    @geneusjoseph3646 3 роки тому

    Red Red

  • @ashleyedme2074
    @ashleyedme2074 3 роки тому +1

    Hotmen🔥🔥🔥

  • @fenaldjidoccy9143
    @fenaldjidoccy9143 3 роки тому

    Good job

  • @wysgensladouceur556
    @wysgensladouceur556 3 роки тому

    mw regrette mw pagn chans nan group sa paske group sa se ♥️ liye telman mw renmenl

  • @trakastrongtv4722
    @trakastrongtv4722 3 роки тому

    Sim tap koute bouch mpatap tande kanaval la nn.. Epal t red

  • @lenslyantoine511
    @lenslyantoine511 3 роки тому

    Hotmen li ye pli eee

  • @zazoue_love0360
    @zazoue_love0360 3 роки тому +2

    Tèks yo toujou bèl 🔥🔥sofke konn gen plis vayb🙌

  • @benjonsonedme
    @benjonsonedme 3 роки тому +2

    HOT FAMILY 🔥🔥🔥🔥🔥

  • @laurentronald3311
    @laurentronald3311 3 роки тому +2

    Di yo pa kanpe devann

  • @lastinisaac3333
    @lastinisaac3333 3 роки тому +3

    Group mwen pi renmen pou tout lavi’m🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥

  • @aubystlouis7108
    @aubystlouis7108 3 роки тому +1

    Hotmen se groug mw dpi lè yote sot jakmèl vin trip avèm s'en lwi di sid Moun okay lov u djemfrèch

  • @djmarionay6259
    @djmarionay6259 3 роки тому +1

    Champion again HMR🔥🔥🔥🔥✔

  • @laurentronald3311
    @laurentronald3311 3 роки тому +5

    Yo fred sèvo monte

  • @jeanmjeanm4404
    @jeanmjeanm4404 3 роки тому

    Red

  • @pachaofficiel9138
    @pachaofficiel9138 3 роки тому

    Move

  • @oscarmilord9729
    @oscarmilord9729 2 роки тому

    Bravo

  • @jeancharlesmikaeljhon1951
    @jeancharlesmikaeljhon1951 3 роки тому

    Mw pa bezwn ni radyo ak tv Hotmen gntn bay zorey mw bon nouvel

  • @sheilagilbert9050
    @sheilagilbert9050 Рік тому

    J'aime❤