Це відео не доступне.
Перепрошуємо.

Kan'W Pran'W Konnen (Kobay) | Boukman Eksperyans [ Kanaval Haiti 2021]

Поділитися
Вставка
  • Опубліковано 26 січ 2021
  • Beatmaker : Ted Beaubrun
    Abonné sous chaîne UA-cam mwen an
    Compositeur : Theodore Beaubrun & Mimerose Beaubrun
    #boukmaneksperyans #kanaval #haiti
    Kan'W Pran'W Konnen (Kobay) | Boukman Eksperyans [ Kanaval 2021]
    Lyrics :
    1-
    Kè:
    Kan w pran w konnen
    (8 fwa)
    Lead 1:
    Mezanmi o ! Prekosyon pa kapon.
    Pa louvri kay w
    bay zanzave chita.
    LEAD 2:
    Veye
    pou yo pa mete pye sou kou w
    Pou yo fè w di sa w pa ta vle di.
    Lead 1:
    Pa kite moun plede jwe
    nan bagay w
    pou yo fè w fè
    sa w pa ta vle fè.
    Lead 2:
    Pa kite moun
    plede chifonen w
    Vire w tounen w tankou yon ti kobay
    2-
    Kè: Nou pa kobay a zòt
    Lead 1:
    nou pa esklav pèsonn
    Kè: Kobay politik
    Lead 2:
    nou pa kobay a yo
    Kè: Kobay Big Pharma
    Lead 1:
    nou pral jije ak yo
    Kè: Kobay religion
    Lead 1:
    pa fè eksperyans sou nou
    Kè: Kobay
    Kon bay bay
    3-
    Lead + kè:
    Gabelis Ti fanmi Languichatte
    N' pa konn si se bò manman
    oubyen se bò papa.
    Gabelis panse
    Li se yon entèlijan,
    men tout moun konnen
    Gabelis se yon bègwè
    Gabèl o! Gabèl O!
    Se tout moun
    k'ap di
    Gabelis se yon bòbòy
    (Bis)
    Lead1:
    Yo di li: "kouri"
    Kè: Gabelis plede kouri
    Lead 2:
    Yo di l: "pa sòti"
    Kè: Li ret chita nan kay
    Lead 1:
    Yo di l: " w malad "
    Kè: Gabelis pran kabann
    Lead 2:
    Yo di l : "Vin pran vaksen "
    Kè: Gabelis lonje 2 bral
    Gabèl O! Gabèl O!
    Gabelis monchè
    w se yon ti tw piyay
    Gabèl O! Gabèl O!
    se tout moun k'ap di :
    Gabelis se yon bòbòy
    4-
    Kè + lead:
    Ayisyen ann louvri je nou
    Nou se pitit Solèy la!
    Se Ginen an
    Ki ban nou pwen an
    Se Granbwa
    Ki montre n'
    fèy la yo o!
    (bis)
    5-
    Kè: Nou pa kobay a zòt
    Lead 1:
    Hey ! nou pa esklav a yo
    Kè: kobay politik
    Lead 2:
    nou pa kobay a yo
    Kè: Kobay Big Pharma
    Lead 1:
    nou pral jije ak yo
    Kè 2: Kobay religion
    Lead 1:
    pa vin' fè eksperyans sou nou
    Kè: Kobay
    kon bay bay
    6-
    Kè + lead: Anmwey ! adje !
    chat maron pa vle
    manje rat ankò
    (chat, me zo!
    -m' pa gen dan.)
    Anmwey! veye !
    chat maron
    Kache dèyè kay la.
    7-
    kè + lead:
    Ayiti peyi, natural mistik
    Lakou ginen yo,
    natural mistik
    Rastaman yo, natural mistik
    veye chat maron yo dèyè kay la
    b)
    Kè + lead:
    Zing nati zing yo, natural mistik
    Boukman kanpe
    an natural mistik
    Ayiti peyi natural mistik
    veye chat maron yo dèyè kay la
    Boukman Eksperyans
    Carnaval 2021

КОМЕНТАРІ • 115

  • @binouedagobert8447
    @binouedagobert8447 3 роки тому +10

    Prophète la pale. Boukman eksperyans sel li nou genyen kap kenbe kom gwoup rasinn. An nou pwoteje li, kontinye apresye l. Félicitations mesye dam

  • @fanoonoo149
    @fanoonoo149 3 роки тому +6

    Pou jis BOUKMAN pa ta egziste yap toujou jwenn istwa pou yo chante...mdamou nou depi nan " Ti kriye pou pouvwa de ran dlo de ran larim " pou jis kounya e menm pwoblèm yo....mesi BOUKMAN EKSPERYANS

  • @jeanpaulpierrepaul3778
    @jeanpaulpierrepaul3778 3 роки тому +7

    Men bon vayb ak pawol boukman toujou rèd

  • @plateformedelouange4377
    @plateformedelouange4377 3 роки тому +7

    Boukman Experyens rete toujou boukman

  • @starm-upnoelandstar9221
    @starm-upnoelandstar9221 3 роки тому +5

    Ki moun kap tande kanaval sa menm jan avem bon bagay guys kenbe la atis yo

  • @rosletdatus1007
    @rosletdatus1007 3 роки тому +2

    Waww chak mp tande boukman'n dlo koule nn Zyem merci pou lanmou nou gen pou ayiti

  • @Donelomusic
    @Donelomusic 3 роки тому +2

    Rastaman yo natural mystic.. Yes respect

  • @gregoryremy2271
    @gregoryremy2271 3 роки тому +3

    Hum..Boukman Eksperyans, kòm toujou 👍👍👍👍

  • @meebooxs-0076
    @meebooxs-0076 3 роки тому

    Gade Tintin Tintin minm ap dansé wi selman 😂😍😍😍 attention

  • @jeselinehenri7392
    @jeselinehenri7392 3 роки тому +5

    Haitien pinga moun fe sayo vle Ave nou
    Se Pou nou Annalise Pou noue mounn ki sou bon chemin an epi suive Li.
    Si nou oue opposition an se nan bwa lap minin nou ,pa suive Li.
    Si nou oue president Jovenel ap minin nou nan bon chemin ( election) suive Li!

  • @relaxinginstrumental7569
    @relaxinginstrumental7569 3 роки тому +1

    kanaval sa two dous, boukman kanpe an natural mystik

  • @guenguenscivil4191
    @guenguenscivil4191 3 роки тому +1

    DEPI KANAVAL BOUKMAN LAGE MWEN PA NAN TANDE NOUVÈL POLITIK ANKÒ. TOUT MOUNN KI PANSE MENM JAN AVÈM POU NOU KOURI DÈYÈ STRÈS NÈG RADIO AP BANOU BANM YON GWO LIKE.

  • @nouvelchosouayitinouvelcho6445
    @nouvelchosouayitinouvelcho6445 3 роки тому

    Men kanaval bèl teks e kanaval sa AP kwaze peyi a

  • @jhonsonsylvestre6794
    @jhonsonsylvestre6794 3 роки тому +2

    Granmoun Ret granmoun viv Boukman

  • @julnernoel6155
    @julnernoel6155 3 роки тому

    ke Bondieu protege Nou Nou pap janm granmoun nn rirrr

  • @virtuosecarpediem5743
    @virtuosecarpediem5743 3 роки тому +1

    Saaaaaa map tandeeee laaaa ,li bon!!!!!!!!!!!!!!!!!

  • @russellm106
    @russellm106 3 роки тому

    Mete bon sound nan auto nou pou n pran gou kanaval la. Pran San nou byen pou n konprann teks Boukman lan.
    Chat mawon pa vle manje rat ankò. Yo plus dèyè ti vyann pijon.
    Rastaman yo kanpe an natural mystic...
    Gwo bout pawòl.
    Si nou konprann, ti dwèt anlè ✌️
    #Boukman_Rasin#Kanaval2k21
    #YonLòtBèl#Goal_TouGoal

  • @pinturaskakobel5695
    @pinturaskakobel5695 3 роки тому

    Mwrn PA k PA di sa li bon tout bon

  • @shedsuave
    @shedsuave 3 роки тому +2

    Moun sa yo unique..oufffff🥰🥰🥰

  • @mounkappale895
    @mounkappale895 3 роки тому +1

    Bravo pou mesaj prudans sa Bookman ekseperyans

  • @fabiennesedanna1424
    @fabiennesedanna1424 3 роки тому

    Moun sa yo expire

  • @mwatag7782
    @mwatag7782 3 роки тому

    Bel travay bel ekip

  • @uranusienomega2195
    @uranusienomega2195 3 роки тому +1

    Nou pa janm déçu moun 🔥🔥🔥🔥🔥🔥🔥

  • @mickensonaurelien3369
    @mickensonaurelien3369 3 роки тому +1

    sa tou bon uii mezanmii

  • @jeangerbeau4220
    @jeangerbeau4220 3 роки тому +2

    Men li ui sa a move 🤛🤏

  • @guiboolaborde4481
    @guiboolaborde4481 3 роки тому +2

    Mw tap tann nou ane mw telman te anvi kanaval sa

  • @adeletienne9375
    @adeletienne9375 3 роки тому

    Gen yon kote nan kanaval la ki ka danse nan bann a pye

  • @mickensonjacquelin7639
    @mickensonjacquelin7639 3 роки тому

    Mtelman love group saaaaa

  • @kizombaforlife134
    @kizombaforlife134 3 роки тому +1

    Group rasin pam nan...

  • @evensboisrond9629
    @evensboisrond9629 3 роки тому

    Nou pa esklav pyès moun

  • @andytet-dife3154
    @andytet-dife3154 3 роки тому +1

    Sa se djaz pam nan wi apre rèv🤗🤗🤗

  • @pinturaskakobel5695
    @pinturaskakobel5695 3 роки тому

    Hey, Gen pawol pawol

  • @jamesdenice185
    @jamesdenice185 3 роки тому +2

    Kanaval la rive sou mw

  • @marlenamarlenementormentor7499
    @marlenamarlenementormentor7499 3 роки тому +1

    Men boukman nan wi jezi

  • @kizombaforlife134
    @kizombaforlife134 3 роки тому +1

    Sa fout bon... bèl teks ak anpil nuans!

  • @elmoryakhan1780
    @elmoryakhan1780 3 роки тому +1

    Anmweeee

  • @jeanlioneltoussaint8757
    @jeanlioneltoussaint8757 3 роки тому +1

    Saw bn oui pale avec yo boukman

  • @juniorpetit-homme6160
    @juniorpetit-homme6160 3 роки тому +1

    Wawww bon bagay boukman

  • @haitidevan7
    @haitidevan7 3 роки тому

    Anmweyy chat maron kache deye kay la vre wi

  • @duperlonevil7224
    @duperlonevil7224 3 роки тому +2

    Bon bagay

  • @lafablejeansony8711
    @lafablejeansony8711 3 роки тому

    Anmwey veye chat mawon yo deyè kay la

  • @prof.julsonetienne3181
    @prof.julsonetienne3181 3 роки тому

    Moso pa m' lan la.Mesi mesye,dam. Gen bagay(x2).

  • @lesterreed3539
    @lesterreed3539 3 роки тому

    Ram fè kanaval Kongo Lazilo ak slogan Kanw pranw konnnen an 2020... m espere Boukman te la chwazi yon nou o tit pou kanaval sa. Bel mereng tho!!!

  • @naubuzzent.6799
    @naubuzzent.6799 3 роки тому +3

    Tou Goal 🙏🎵🎶🎼

  • @adeletienne9375
    @adeletienne9375 3 роки тому

    Tanbou kap jwe a telman dous enfen

  • @fernandophilistin2659
    @fernandophilistin2659 3 роки тому +1

    Félicitation

  • @victorclauderonald1531
    @victorclauderonald1531 3 роки тому +1

    Sa bon wi 🔥

  • @youngpeckymusic25
    @youngpeckymusic25 3 роки тому

    Depim pitit mw renmen nou 💥💥💥

  • @snebudnomis3679
    @snebudnomis3679 3 роки тому

    Gen 18 chat maron ki dislike 👎 kanaval. Yo pa natural mystic lol.

  • @tifrereunelus6913
    @tifrereunelus6913 3 роки тому

    Prophète la pale

  • @lormilelie1318
    @lormilelie1318 3 роки тому

    great

  • @jeanfrancoismoise3905
    @jeanfrancoismoise3905 3 роки тому +3

    Korekt moun mw yo

  • @relaxinginstrumental7569
    @relaxinginstrumental7569 3 роки тому

    Mwen renmen gwoup sa a twop

  • @tiger_5092
    @tiger_5092 3 роки тому

    🇭🇹🇭🇹🇭🇹

  • @josetteflorvil8798
    @josetteflorvil8798 3 роки тому +1

    Nou pap vaksinen!!!

  • @marilinejoseph6781
    @marilinejoseph6781 3 роки тому

    Yonn toujou

  • @pinturaskakobel5695
    @pinturaskakobel5695 3 роки тому

    Ooooo kanaval kanaval kanavalĺllllllllllllllllll

  • @mslabranche
    @mslabranche 3 роки тому

    Oh AYIBOBO

  • @isaacsanon093
    @isaacsanon093 3 роки тому

    🔥🔥🔥🔥🔥

  • @telemarquerichardson251
    @telemarquerichardson251 3 роки тому

    🔥🔥🔥🔥

  • @dyolaleleenfo1917
    @dyolaleleenfo1917 3 роки тому

    Gabelus se fanmi lagichat, m pa si sou bord manman, m pa konn sise sou bord papa

  • @lewisyvensdolcine2624
    @lewisyvensdolcine2624 3 роки тому +1

    🕺🎹🎸👊❤

  • @feguensjoseph2660
    @feguensjoseph2660 3 роки тому +1

  • @evenscharles4089
    @evenscharles4089 3 роки тому +1

    Men djaz mw an papa

  • @davidjeudy5110
    @davidjeudy5110 3 роки тому

    Veye chat maron yo dèyè kay la, veye gwo chat boure Andre michel chat Youri, chat Nènèl Casi, Chat Louidor Schiler veye gwo chat Boulos AKA tèt soud, veye gwo chat Dimitry vorbe Aka mimitri aka timaron, veye tout chat sa yo ki dèyè kay la, ki vle antre nan kay la pou yo ka al bwè lèt ki andan kay la, pou yo ka al souse manmèl ki andan kay la, veye chat yo.

  • @prof.julsonetienne3181
    @prof.julsonetienne3181 3 роки тому +1

    Si w' kwe video ap pi bel. Ban m' yon pous.

  • @lorvenskyjean1319
    @lorvenskyjean1319 3 роки тому

    Chat maron yo dèyè kay la vre wu jajaja

  • @danielromulus9823
    @danielromulus9823 3 роки тому +1

    Kiyess ki gabelus la menm?

  • @zoechucknice9699
    @zoechucknice9699 3 роки тому

    Kot yo pwal kouril menm🧐

  • @johnnysaintil7354
    @johnnysaintil7354 3 роки тому +1

    Sou Aristide vale bagay ou di epi kounye a se saw vim remet moun ou pa vle pale paske cha paw la gentan port de paix

    • @TedBeaubrun
      @TedBeaubrun 3 роки тому +2

      Mwen ta renmen ou reli sa ou di a, pou wè si ou gen rezon!
      Pou kisa ou pa eseye konprann mizik la, wap jije sou yon bagay ke ou pa konen!
      Nou pa janm mache a akenn gouveman, ou afiche nou ak kelke swa gouvèneman!
      Sa fè plus de 30 ans nap pale de chanjman nan peyi e nan monde lan!
      Avan ou jije aprann konprann valè nou dabor

    • @adeletienne9375
      @adeletienne9375 3 роки тому

      Boukman pou lavi m damou group sa trop nou pa kobay pesonn

  • @johnnysaintil7354
    @johnnysaintil7354 3 роки тому +1

    Se pa apresy mwen pa apresye travay boukman expérience fe men gen kelke tan la mwen we boukman femen bouch sou yon seri de bagay gouvernement konronpi sa ap remet nan peyi a pou kisa boukman paka menm jan li te ye sou Aristide sou preval

  • @antenorrodelin2767
    @antenorrodelin2767 3 роки тому

    Tchuips

  • @josephstyve4149
    @josephstyve4149 3 роки тому

    Fem konprann text la mezanmi, paske m santi gon msg tet chaje kap pase la.

    • @djodjoayiti2947
      @djodjoayiti2947 3 роки тому +1

      Pa louvri pòt ou bay sanzave chita (mateli)
      Gabelis se Jovnel, se li yo te bay Gabèl
      Rès kanaval la se de kowona yap pale nou pa frape
      Yap di nou tounen nan Rasin nou

    • @davidjeudy5110
      @davidjeudy5110 3 роки тому +1

      @@djodjoayiti2947 E chat mawon yo, epa w pa di anyen pou yo. ebyen m'ap di w yo. Veye chat maron yo dèyè kay la, veye gwo chat boure Andre michel chat Youri, chat Nènèl Casi, Chat Louidor Schiler veye gwo chat Boulos AKA tèt soud, veye gwo chat Dimitry vorbe Aka mimitri aka timaron, veye tout chat sa yo ki dèyè kay la, ki vle antre nan kay la pou yo ka al bwè lèt ki andan kay la, pou yo ka al souse manmèl ki andan kay la, veye chat yo

  • @shedsuave
    @shedsuave 3 роки тому +1

    Version nou poste a de faible capacité..son an manke strong..

  • @davilmeeslet
    @davilmeeslet 3 роки тому

    Men KK!
    Gabèl...

  • @clipsonst-felix2493
    @clipsonst-felix2493 3 роки тому

    Gabalis = jomo🤣🤣🤣🤣

  • @feguensonhermogene6716
    @feguensonhermogene6716 3 роки тому +3

    Boukman pèdi Eksperyans li nan manje Bannann...Gad eta kanaval Lejann mizik rasin yo non mezanmi...Menm yon ti Petwo nou paka danse...Kidnapin,koripsyon wòz,Sanba yo bèbè chòchòt....

    • @vatnovcarilus3226
      @vatnovcarilus3226 3 роки тому

      Egri kap megri lavalas

    • @feguensonhermogene6716
      @feguensonhermogene6716 3 роки тому

      @@vatnovcarilus3226 sa w konn nan Boukman ? Lè t poko menm frenk soti nan tounen w. Al chita bouda w aprann listwa Boukman ki te chaje Eksperyans politik depi nan "Kèm pa sote" rive nan "Pyout Pyout"....Al frenk met bouda w chita tande lè Grandèt ap pale

    • @jhonsonsylvestre6794
      @jhonsonsylvestre6794 3 роки тому +1

      Bon se sou Jovenel avek Martelly kanaval la fet oui..Se Jovenel ki fanmi Martelly yopakonn sise bò manman or papa.

    • @TedBeaubrun
      @TedBeaubrun 3 роки тому

      Sincèrement ou vreman pa konn sa wap di a, e ou vreman pa konen nou!
      Nou pa janm ni korompi ni nan afiche ak ki ke swa!
      Sa fè plu de 30 ans nap pale de system nan ki pa janm chanje! Kis ou menm ou te fè pou sa? Ou te aplike sa nou te konn di yo ?
      Se pa paske nou pa pale de ayiti ki di ke nou avèg de sa kap fèt la!
      Jodia nou fè chwa pale de yon sijè ki pou ouvri konsyans nou!
      Depi group la fonde, nou toujou pale de kelke swa sijè nan monde lan!
      Nou paka rete nap fè tout vinn nou pale de yon bagay nou pale e repale e repale ankor!

    • @tifrereunelus6913
      @tifrereunelus6913 3 роки тому

      Monche Gabelis wap toujours ret Boboy lavalas kaka

  • @camopierre5126
    @camopierre5126 3 роки тому

    Fanmi sanwont enspirasyon nou fini se wont pou papaw Langichat sil te la ou tap touyel anko malpwop

    • @watsonestelan5677
      @watsonestelan5677 3 роки тому

      Ou ranse. Soumoune

    • @samueljeanlouis9415
      @samueljeanlouis9415 3 роки тому

      Paskel pap kraze boule bagay malere nan la ri ya avèk nou kokorat sal
      M t kwè ou gen manmanw ak papaw ak tout rès fanmiw nan boule karotchou pou mil gds deja

    • @fabiennesedanna1424
      @fabiennesedanna1424 3 роки тому

      Ki laj ou Samuel pouw ap vinn pale de banabe byen se yn vagabonl ye uii Knya li jwnn zo poul souse en 2003 ,2004 se ak gwo zam uii li te knn nn manifestasyon

  • @mariotheresiasalexis9279
    @mariotheresiasalexis9279 3 роки тому +3

    Bon bagay