Cap-Haitien Vlog: Jounen nan yon plaj ke anpil moun pa konnen😉

Поділитися
Вставка
  • Опубліковано 20 сер 2024
  • Okap se yon vil Ayiti ki bò lanmè , li gen anpil plaj , anpil moun vini nan vil la pou ale nan plaj li yo. Genyen plaj ki pi pre vil la ke lòt , sila ki pi aksesib , mwens chè, sila ke plis moun konnen ak frekante ke lòt. Konsa tou gen jou ke plaj yo gen plis moun pase lòt. Si w vle trankil ak alèz sou plaj la, ale yon jou nan semèn nan e ki pa ferye.
    Plaj nou te ale ladan l , dimanch lan rele Gerzon , li twouve l sou "côte Labadie" a, nan mitan Belly Beach ak Dalhoo Beach . Nou te pran bato pou ale ladan l , li anviwon 10 minit apre estasyon bato a. Li se yonn nan plaj sa yo ke anpil moun pa konnen ni abitye ale ladan l. Gerzon pa yon plaj ki amenaje , ou dwe mache ak tout sa w ap bezwen lè w prale la : Twal/chèz pou chita , bwason, dlo pou rense kò w, mizik, jwèt pou pase tan an . Pou manje , depann de jou a , ou ka jwenn pechè k ap vann pwason , krab , langoust ke yo sot peche , ou achte l epi yo tou prepare l pou ou men li p ap gen akonpanyeman(bannan , diri). Ou ka soti ak manje w depi lavil la , oswa achte pwason nan bak fritay anvan ou pran bato, konsa tou ou ka achte manje Belly Beach ki akote a gen yon eskalye ki pèmèt ou ale ladan l pandan ou Gerzon. Espas la bèl ak pezib , e ka fè bon piknik. Men se pa yonn nan plaj ke li pa fin agreyab pou benyen ladan l ke anpil "algues" anba lanmè a.
    Mèsi paske w te pran tan gade videyo a , sonje abone a li si w renmen kontni konsa , pataje l ak moun ou konnen li ka enterese , moun ou te panse a yo pandan ou t ap gade l. Pa ezite poze m kesyon ki gen rapò ak sa ou sot gade , tande , li la.
    ✒︎IG: Sikkrem
    Kòmante ''💙" si w li tout deskripsyon an .

КОМЕНТАРІ • 21

  • @johnnymondestin6434
    @johnnymondestin6434 2 місяці тому +1

    🥰

  • @vensie_glow
    @vensie_glow 3 місяці тому +1

    ❤✨

  • @pierrerolex82
    @pierrerolex82 2 місяці тому +1

    ❤❤❤❤

  • @jenny-florelouis6198
    @jenny-florelouis6198 3 місяці тому +1

    💙☺️

  • @user-fw5zi4zk7c
    @user-fw5zi4zk7c 3 місяці тому +1

    Nostalgie

  • @oranaray
    @oranaray 3 місяці тому +1

    Awwwww😍😍😍😍😍

  • @nadegejean8295
    @nadegejean8295 Місяць тому

    Plaj se bien privew se sak few pa baw nonl lan

  • @SamaraAlcius
    @SamaraAlcius 3 місяці тому +1

    M renmen tout bagay nan videyo an!!! Vwa off lan, enèji ki degaje an epi plaj la😍😍😍 M kontan wè Okap.

    • @sikkrem
      @sikkrem  3 місяці тому

      Mèsi Dou💙 Se yon pleas pou mwen pou m montre nou Okap.

  • @oranaray
    @oranaray 2 місяці тому +1

    "Si Tipi vle li ka ede w tou"🤣🤣🤣🤣 Tipi a on mechan l ye😭😭

    • @sikkrem
      @sikkrem  2 місяці тому

      E Tipi pa t vle 😩😂

  • @frantzlinebertil3438
    @frantzlinebertil3438 2 місяці тому +1

    Jèzon😍😍😍❤️❤️

    • @sikkrem
      @sikkrem  2 місяці тому

      Ouwiii💙

  • @alexitacolas6473
    @alexitacolas6473 2 місяці тому +1

    M renmen sam wè an.
    Bon travail Za🫡

    • @sikkrem
      @sikkrem  2 місяці тому

      Mèsi🙌🏾

  • @WilzorAntoine-hm3nh
    @WilzorAntoine-hm3nh 3 місяці тому +1

    Felisitasyon ❤

  • @deessenorahslife
    @deessenorahslife 3 місяці тому

    Yon bèl vlog oui Za!😍🔥🔥
    Epi’m renmen ti pale nan vwa off la,anpil vérité kap pale,kreye souvni se yonn nan bagay kap ede’w kenbe moral ou wo nan moman tibilans yo…Jou’w wè se li ki konte,kenbe laa
    M byen enjoy vlog la💙💙😍.

    • @sikkrem
      @sikkrem  3 місяці тому

      Mèsi Norah 💙

  • @niedelvariste6517
    @niedelvariste6517 2 місяці тому

    M reyalize tout bon apre m fin gade videyo an ke m sonje Okap😭😩

    • @sikkrem
      @sikkrem  2 місяці тому

      Konsa Okap sonjow tou 😩