Jounal Kreyòl Premye Okazyon || jedi 11 Jiyè 𝟐𝟎𝟐𝟒

Поділитися
Вставка
  • Опубліковано 7 вер 2024
  • 1.-17 jou depi rive premye kontenjan misyon miltinasyonal la an ayiti ak Selman 200 polisye Kenyan , pesonn otorite pa an mezi konfime ki dat pwochen twoup yo ap gen pou debake .
    Polisye Plizye peyi tankou Bahamas,Bangladesh, babad,benin,tchad ak jamayik ,dwe rejwenn twoup Kenyan nan ayiti ,swa 2500 polisye kap gen pou deplwaye . Deplwaman fos miltinasyonal la ap koute chak ane anviwon 600 milyon dola ,dapre konsey sekirite nasyon zini yo.
    2.-Nouvo minis afe sosyal ak travay la ,sendikalis Georges Wilbert Franck ,soumet deklarasyon patrimwan li , aye mekredi a , nan gref tribunal premye enstans potoprens la.
    Yon egzijans atik 7 lwa 12 fevriye 2008 sou deklarasyon patrimwan nan kote pesonalite politik,fonksyone ak ajan piblik yo dwe al deklare patrimwan yo omwen 30 jou apre rantre an fonksyon yo.
    Atrave jes sa,Georges Wilbert Franck di vle koube li anba egzijans la lwa epi pwofite okazyon an pou renouvle volonte li genyen pou kontinye sèvi popilasyon an nan tout transparans .
    3.- Deklarasyon patwimwan yon lwa vyole epi bafwe depi plis pase 10 lane - nan rezilta yon anket FJKL te reyalize sou period 2008-rive 2018 li montre kouman anpil nan pesonalite politik,fonksyone ak lot ajan piblik yo pase anba pye lwa sa kise yon zouti pou konbat koripsyon .
    Nan nivo pouvwa egzekitif la selman 46% nan 232 moun nan pouvwa egzektif la te deklare patrimwan yo nan moman yo tap rantre an fonksyon aloske Selman 10.7% te soumet deklarasyon patrimwan yo le yap kite fonksyon sa .
    Se preske menm konsta pou pouvwa lejislatif la kote sou 4 lejislati 93% senate ak 81% depite pat deklare patrimwan yo le yo tap rantre nan pos la . 97% senate ak 93% depite pa deklarasyon patrimwan yo le yap kite fonksyon an,dapre rezilta anket fondasyon je klere soti period 2008 pou rive 2018 pase a .
    4.-Konseye prezidansyèl Fritz Alphonse Jean vizite ayé mekredi a Bank Santral ak ULCC, nan kad yon vizit echanj ak enfòmasyon.
    Sitiyasyon ekonomik peyi a te nan mitan diskisyon ki te genyen nan rankont sa ant reprezantan akò Montana nan konsey prezidansyel la ak konsèy BRH la.
    Anyen gouvènè BRH la ki kwe li enpotan pou kreye yon aviwonman sekiritè, yon fason pou peyi a k'apab redemare, te pwofite raple ansanm gwo defi yo gen pou leve nan yon peryòd 18 mwa, pami yo reyalize eleksyon, fè refòm konstitisyon an ak dyalòg nasyonal.
    5.-Citibank ,sel bank entenasyonal kite prezan nan peyi a ap Kite Ayiti Apre 50 lane
    Citigroup ,yon bank envestisman miltinasyonal ameriken pral klotire operasyon li an Ayiti akoz demann fèb bò kote kliyan enstitisyonèl li yo ak yon bès nan aktivite bankè entènasyonal yo.
    Desizyon sa fè pati yon revizyon estratejik , e li pap gen gwo enpak ekonomik sou city gwoup , dapre sa bank la fè konnen Lendi 8 jiye pase a .
    6.-Konferans rekte ak prezidan inivesite ak enstitisyon anseyman siperye ayisyen yo (CORPUHA) kondane atak endividi ak zam kont local inivesite GOC a,nan sous matla,komin kabare ak inivesite INUKA,nan kominn taba ,7 jiye pase a .
    Atak repete sa yo pa gen lot objektif kraze anseyman siperye a, yon sekte vital nan vi nasyonal la ,dapre CORPUHA ki mande otorite yo nan piwo nivo leta pou asime responsabilite yo.
    Prezantasyon : Dieuseul GUERRIER & Johnny FERDINAND
    Meteyo : Chrisnette SAINT-GEORGES
    Tansyon Lari : Mackenson RÉMY 4x4
    Spo : Jacques Hans Vilfort (jako)
    Pwodiksyon : Jean-Claude DOLCÉ
    kowòdinasyon : Peterson LUXAMA
    Redaksyon : Dieuseul GUERRIER
    Reyalizasyon ak Sou Entènèt : Jack thedd Jr Dieudonne & Jimmy Cly Théagène

КОМЕНТАРІ • 13