Sé nan kò ou mouin vin plingnin/Se nan kò ou mouin vin plenyen

Поділитися
Вставка
  • Опубліковано 20 лют 2024
  • Chanté sa soti nan liv: N ap réglé tout bagay an chantan.
    Si nou ta vlé genyen tèks chanté sa, min li:
    Réfrin
    Sé nan kò ou mouin vin plingnin mizè mouin,
    Granmèt o, Granmèt o!
    Se nan min ou mouin vin lagé lavi mouin,
    Granmèt o, Granmèt o!
    1. Minm jan ti moun nan ap kriyé sou manman li,
    Minm jan jèn moun nan bézouin konsèy gran moun nan.
    Minm jan gran moun yo bézouin baton vyéyès yo,
    Min sé konsa m’ yé dévan ou, Granmèt mouin.
    2. Minm jan tè sèk la chita ap tann lapli,
    Minm jan kòd yanm nan ap chèché bwa pou l’ monté,
    Minm jan rézin an apé chèché sipò,
    Min sé konsa m’ yé dévan ou, Granmèt mouin.
    3. Minm jan papa a ap okipé pitit li,
    Minm jan pitit la ap karésé papa li,
    Minm jan maléré yo ap rédi pou yo viv,
    Min sé konsa m yé dévan ou, Granmèt mouin.
    Ou kapab toujou kité kòmantè ou pou nou kapab amélyoré sèvis sa-a nou vlé ofri ou.

КОМЕНТАРІ • 7