Constitution/Kontitisyon sal ye?Manuel d'Instruction Civique et Morale Pour Bien Vivre Ensemble

Поділитися
Вставка
  • Опубліковано 3 жов 2024
  • Konstitisyon pa pou rete nan tiwa ,ni pou sèvi jis yon lè konsa. Konstitisyon se tankou yon bib pou yon nasyon,li dwe rete toujou louvri tout tan, paske se konstitisyon ki dwe regle enstitisyon yo. Annefè,se konstitisyon ki bay toulètwa pouvwa yo POUVWA AK LEJITIMITE kit se ekzekitif, jidisyè ak lejislatif; se Konstitisyon ki garanti separasyon 3 pouvwa yo, e li asire ke nou gen dwa e ke dwa nou yo dwe respekte. San Konstitisyon ,yon nasyon, yon peyi ap tankou yon jeng , kote chak moun ap aji tankou zannimo ki lage nan savann san patiraj, kote yap fè sa yo vle ,lè yo vle,jan yo vle,kote yo vle. Konstitisyon se bousòl yon peyi. pa ekzamp gouvènman Ariel lan ap di ke li pap piblye dekrè pou kreye CP yan nan monitè paske li pa legal, wi se vre,li gen rezon paske gouvènman saa ki li menm pa legal pa dwe ap pibliye anyen nan monitè. Sa pa vle di ke CP ya li menm li legal non. Kilès ki pou ta bay LEJITIMITE a mons ak 7 tèt ,2 ké yan , ke yo rele kosey presidansyel lan . Bon yap pale de jij kou kasasyon ; se sa ki ta dwe fèt, men la tou ,8 manb li yo pa LEJITIMIM ni LEGAL paske se andeyò menm Konstitisyon ke yap pale yan, ke gouvènman saa ki pa ni legitim ni legal la te nonmen yo. E eske gen yon jij ki pli ansyen ki taka pran mayèt la . Mwen pa kwè, kotel te ye lè e kotel ye lè yo tap ou ap pase Konstitisyon an anba pye. Tout se korompi. Mezanmi Bwaa mare nèt . Alòs ki sa ki dwe fèt. Se pa jodiyan nap pale de konferans nasyonal.Si depi lè Turneb Delpe tap mandel lan,si pat gen koronpi ni nan sektè piblik ni nan prive, nou tap lwen wi.Tout dilatwa sa yo pa tap gen plas yo laa jodia non. Pòv peyi ! Kounye la yo vle Konstitisyon an ale ,alatraka papa avek magouyè nan peyi ya.

КОМЕНТАРІ •