Primati - Prezantasyon fèydewout PM Garry Conille nan kad vizit li nan depatman Nò peyi a

Поділитися
Вставка
  • Опубліковано 12 вер 2024
  • Premye minis Garry Conille prezante fèydewout gouvènman an nan kad yon seyans travay, jedi 22 out la, pandan pasaj li nan depatman Nò a. Doktè Conille te gen ak li plizyè manm gouvènman an ak kò diplomatik la.
    Chèf gouvènman an ensiste sou estrateji pou reyalize gran chantye tranzisyon an kote l fè konnen otorite yo ap fè tout sa yo konnen pou atenn objektif yo ak apui patnè entènasyonal yo.
    Pami priyorite gouvènman an gen ensekirite a, kriz imanitè a, ranfòsman lajistis, redresman ekonomi an, refòm konstitisyon an ak òganizasyon eleksyon.
    Reprezantan kominote entènasyonal la nan seyans travay sa a deklare y ap toujou kenbe angajman yo anvè peyi a. Yo pwomèt pou ede nan reyalizasyon gran chantye tranzisyon an jan sa defini nan akò 3 avril 2024 la.
    Anbasadè Etazini, Kanada, Lafrans, Lespay, Meksik, Chili ak Lasuis epi reprezantan Nasyonzini ak Inyon Ewopeyèn te patisipe nan seyans travay sa a.

КОМЕНТАРІ • 3

  • @amosdorsainvil8538
    @amosdorsainvil8538 17 днів тому +1

    Epa se blan sèlman ki la a

  • @JosephOdanes-lr2rn
    @JosephOdanes-lr2rn 17 днів тому

    Sou tab la gen tròp mulat san sal

  • @RafelitoRosario
    @RafelitoRosario 17 днів тому

    Chet mesye bay SA banm anpil problem kenpot SA tchoul sayo ap fé fok gen blan ladanl bon anfen SA blan Kaká sayo ye nan peyia menm poukisa pep la pa bayo bwa kale