𝐄𝐧 𝐃𝐢𝐫𝐞𝐜𝐭 || 𝐏𝐫𝐞𝐦𝐲𝐞 𝐎𝐤𝐚𝐳𝐲𝐨𝐧 || 𝟏𝟓 𝐌e 𝟐𝟎𝟐𝟒

Поділитися
Вставка
  • Опубліковано 14 тра 2024
  • 1.- Sitiyasyon tansyon nan zon fort nasyonal kote bandi ak zam tap tire kout bal epi boule plizye kay abitan yo ki oblije kouri kite zon nan.
    Pa gen twop detay sou kantite moun ki ta mouri oubyen blese pandan atak bandi yo aye madi a .
    2.- rezo nasyonal majistra ayisye yo (RENAMA) denonse zak kidnapin ak asasinay jij depe komin leste a ,Verto Vertilus ,lendi 13 me pase a.
    Majistra viktim anba men gwoup bandi kap opera nan zon sa pandan l te kite biwo li deye yon motosiklet pour antre lakay li. Se madi lajounen yo dekouvri kadav majistra nan yon raje .
    Prezidan RENAMA , majistra Loubens Elysee,mande tout jij yo rete veyatif pandan lap kontinye egzije otorite yo pran mezi pou garanti sekirite tout moun san paspouki .
    3.-Travay Konstriksyon sit pou resevwa premye kontenjan fos miltinasyonal la nan fen mwa me a ap vanse ,pa two lwen ayopo entenasyonal Tousen Louveti a ,dapre minister kilti ak kominikasyon .
    Anbasade ameriken an kite prezan nan livrezon ekipman pou amelyore kapasite PNH la ,samdi pase a ,kwe depi premye mwa deplwaman twoup yo ,ap gen gwo chanjman parapo ak rezilta ki vize kwape zak bandi yok ap teworize popilasyon an.
    Tout kondisyon pou akeyi premye twoup Kenyan yo ap gentan pare pou fen mwa me a ,dapre diplomat ameriken an ,an atandan twoup lot peyi yo debake an ayiti .
    4.-Jij enstriksyon Jean Wilner Morin mande pou arete epi depose nan prizon ansyen direkte jeneral administrasyon jeneral dwan yo Romel BELL ak tout madanm li ,Anna Dorvil BELL ak Duckens Augustin, pe nan achidyosez kap ayisyen .
    Lajistis akize moun sa yo nan blanchiman lajan ak finansman teworism ,fo deklarasyon patrimwan ,anrichisman ilisit, ak asosyasyon malfekte . Nan odonans sa ki pote dat 8 me 2024 ,jij jean Wilner Morin voye enkilpe yo al jije devan tribinel kriminel san asistans jiri .
    5.-Nan menm odonans sa ,jij enstriksyon an ,rekonet responsablite moral sosyete sa ki rele A&L distribisyon SA, antrepriz Romel Bell ak madanm li te itilize pou komet zak koripsyon yo .
    Majistra mande pou aplike tik 7 ak 8 lwa 12 mas 2014 la sou prevansyon ak represyon koripsyon pou non selman voye al jije reprezantan legal antrepriz sa kise ansyen DG ladwan nan ak madanm li men tou A&L distribisyon SA kom peson moral kap gen pou peye youn rive 10 milyon goud kom amand anfave leta ayisyen an .
    Nan yon rapo anket 3 mas 2023 ,ULCC te mande pou mete aksyon piblik an mouvman kont ansyen DG dwan yo, Romel BELL ak madanm li pou blanchiman ilisit ak fo deklarasyon patrimwan epi reveran pe Duckens Augustin pou konplisite nan blanchiman lajan ak antrav pou bon fonksyonman lajistis .
    6.-Se demen jedi 17 me a Pwosesis pou resevwa dosye kandidati pou pos premye minis tranzisyon an ap bout .
    Deja genyen plizye pesonalite ki depoze dosye yo tankou pati politik LAPEH ki andose kandidadi ansyen senate Annacacis Jean Hector,oganizasyon Lanse -Haiti ,yon antite nan sosyete sivil la pwopoze non ansyen minis Gerald Germain, rasanbleman pou yon antant nasyonal ak souveren sipote chwa ansyen premye minis Garry Conille .
    7. Bo kote pa yo gen Dives oganizasyon sendikal tankou ATPC ,UT2H ,AMOTHA ak PLAMMOTHA ki yo menm sipote kandidati Gerald Germain kom premye minis .
    Nan yon korespondans yo voye bay konsey prezidansyel la, sendikalis ki siyen yo prezante Gerald Germain kom yon sitwayen onet ,ki gen kapasite pou dirije peryod tranzisyon an .
    Nominasyon ansyen minis afe sosyal la nan primati ap ede tabli yon anviwonman favorab pou retounen peyi a sou ray enstitisyonel ak konstitisyonel, dapre yon venten sendikalis tankou Guy Vilsaint,Pierre Richard Val ak Jean Fritz Constant .
    𝐄𝐧 𝐃𝐢𝐫𝐞𝐜𝐭 || 𝐏𝐫𝐞𝐦𝐲𝐞 𝐎𝐤𝐚𝐳𝐲𝐨𝐧 || 𝟏𝟓 𝐌𝐚𝐢 𝟐𝟎𝟐𝟒
    Présentation : Dieuseul GUERRIER Johnny FERDINAND & Hadiany Oximable St_Fleur Météo : Chrisnette SAINT-GEORGES
    Tansyon Lari : Mackenson RÉMY 4x4
    Productions : Jean-Claude DOLCÉ
    Coordination : Peterson LUXAMA
    Rédaction : Dieuseul GUERRIER
    Réalisation & mise en ligne : Saint-Ange Junior & Elyse Hansley

КОМЕНТАРІ • 10